ChildrensCreoleBooks: Children's Books and Stories in Haitian Creole, English, French etc

CreoleChildrensBooks: Children's Books in Haitian Creole, ESL, Multicultural books List

EZHaitianCreole: SakPaséLearnHaitianCreole,Haitian Creole Lessons, EZ Haitian Creole Books

Saturday, June 12, 2010

Seasonal Clothes We Wear and What are We Doing Now?

Rad Nou Mete Sou Kò nou – Clothes we wear



Lè li fè cho Nouyòk, nou mete rad lejè. Nou mete dekòlte, chòt ak mayo – When it is hot in New York, we were light clothes. We wear open-necked clothing. We wear shorts and t-shirt.



Lè li fè fre nan Kansas, nou mete chanday – When it is fresh in Kansas, we wear sweater



Lè li fè fret Nouyòk, tout moun mete manto – When it is cold in New York, everybody wears coats



Lè lapli ap tonbe Mayami, moun mete yon padesi pou yo pa mouye. Anpil moun kite lakay yo avek yon parapli – When it is raining in Miami, people wear an umbrella to avoid getting wet. Many people leave their home with an umbrella.



Si nou pral nan Mache an fè oswa Kwa dèbosal, nou ka pase achte yon chapo. Lè solèy cho an Ayiti, nou bezwen mete chapo – If we are going to Iron Market or Croix des Bosales, we can drop by to buy hats. When the sun is hot in Haiti, we need to wear hats.



Nou bezwen achte parasol oswa lonbrèl ak lunèt solèy tou. – We need to buy parasol and sunglasses too.



Pa Kite siklòn bare nou sou yon tèt mòn an Ayiti. Van an tèlman fò, li ka leve frappe nou a tè – Do not let a hurricane catch you unaware on top of a mountain in Haiti. The wind can be so strong that it can lift you up and drop you to the ground.

Fòk nou kouri al lakay. Fòk nou wete kò nou nan lapli-a. Nou pa ka kontinye mouye konsa – We must run home. We must get out of the rain. We can not continue to get wet like this.



Nou pa ka swe lè n-ap kouri anba lapli – we can’t perspire when we are running in the rain.



Si nou pa seche rad nou, kourandè ka fè nou malad – Nou ka tonbe malad ak krip – If we do not dry our clothes, draft can make us sick. We can fall sick with the flu.




Ki Sa N-ap Fè La-a? What Are We (You) Doing?



Introducing emphatic constructions with Se and Ala



1. Ki sa n-ap fè sou plaj la? Se naje n-ap naje (n-ap naje)



What are we doing on the beach? We are swimming.



N-ap jwe mab – Se jwe n-ap jwe oswa se mab n-ap jwe – we are playing marbles.



Ki manje n-ap manje la-a? Se diri ak pwa n-ap manje (n-ap manje diri ak pwa)



Jan ap netwaye chantye-a – Se netwaye Jan ap netwaye chantye-a – Jan is cleaning the construction site. He is cleaning the construction site.

No comments:

Post a Comment

SakPaseLearnHaitianCreole Invites You To Leave Your Comments or Ask Your Questions. Please keep them simple and short. Or just email me at haitiancreole@gmail.com. Thanks

Note: Only a member of this blog may post a comment.